The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

Mewi, di m sa pou m fè
Di m ki rad pou m mete
Wi lwijanboje, ti jip sa twò kout
Dekolte sa fè tout tete m parèt vre
Kòman fè m pa t wè sa?

Figi m mare two di
Mewi,fòk m te fè ti souri pou ou
Lè w ap rele m tankou ti chen "psit psitt" nan lari a
Fòk m t vire ba w nimewo m, epi bay de blag ak ou vre
Poukisa sa pa t pase nan tèt mwen?

Ou gen rezon m pa t dwe di w non
Paske m pa gen dwa lapawòl
Se ou ki pou deside pou mwen
Se ou ki konn sa m vle
Koman fè m pa reyalize sa?

Mewi mouche pran m pou pope twèl
Paske nan je w m dwe yon ti maryonèt nan men w