The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

Mwen pa t yon brigan
Kidonk m pa t gn pyès rezon
Pou m kraponnen
Men jounen jodia m pè pase sourit
Kap veye chat nan ti twou

Mwen pè devwale m
Rakonte w sak anndan kè m
Se egzèsis ki pi difisil la
Se tankou grenn pwoblem sa
Tout ekwasyon w eseye pa fouti fè w
Jwenn solisyon an
Pou m ap rele Eurêka tankou Archimède
Paske m resi jwenn koman pou m livre m
San w pa brize m

Mwen pè
Tout sa ki ka mare pyem
Anpeche m goute ti moso myèl pa m

Se vre mwen pè
Men sa pa anpeche m yon malè pandye pou sa
Tout bèt jennen mòde
Menm sa m pè a se pi gwo fòs Mwen
Paske mwen pa prese
Tout flè fleri nan lè sezon l
Sezon pam pa lwen rive
Ni m p ap bay bel flè san odè