The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

Mwen pa moun janti sa
Ou vle ki di w wi
Chak lè w anvi yon bagay nan men l
Mwen pa moun kapon sa
K ap kache w verite
Pou l pa pa blese w
Mwen pa moun pasyan sa
Ki ap padone w
Tout mankman w
Paske li pè pèdi w
Mwen pa moun sa
Ou vle ki adore w tankou yon ti dye
Paske w anvi santi w enpòtan
Mwen pa moun sa
Ki ap ba w tout bagay
San l pa janm jwenn kichòy
Mwen pa moun sa
Ki ap toujou la pou ou
Men lè l bezwen w
Ou pa janm disponib
Mwen pa moun sa
Ou anvi m ye a
Mwen renmen m twòp
Pou m pa pèmèt mwen
Tounen yon ti maryonèt
Nan men w