The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

M vin rekonèt mwen nan yon lopital nan demen, pou mwen se te okazyon pou m te pwofite chape poul mwen. Se sak fè yon kote m te santi m soulaje lè m wè doktè a paske m ta pral esplike l sa k te pase a nan bon ti mamit. Konsa li ta rele yon jij de pè pou fè konsta pou m te ka mande divòs ak sètifka medikal la. Men se te byen konte mal kalkile. Lè enfimyè a tounen ak doktè a apèn m pral pale, gade m gade m wè Rikado tankou chèf bizango gentan kouri antre nan chanm nan. Li pran menm l ap bo ak anpil odas l ap gade m nan je fiks.

Doktè a tap eksplike nou mwen te pèdi bebe m t ap pote a akòz kou vòlè yo te ban mwen. Li di m si Rikado pa te gentan kouri mennenm lopital mwen te ka mouri. Sèl vòlè m konnen ki te bat mwen te kanpe bò kotem nan ap pran pòz ti jezi nan po krab li. M potko janm wè yon nèg je chèch konsa. Dòktè a te ensiste anpil pou l di m repoze m paske kò m sot viv yon twomatis akòz bebe m te vin pèdi an. Sak te plis fè mal nan koze sa se paske m pat menm konn m te ansent epi Rikado te tiye bebe a.

Lè yo banm egzeat nan lopital la, m te tounen lakay mwen m te remake Rikado fè kèk ti chanjman, li te fè Sizèt, yon dam nou te anplwaye pou fè travay nan kay la,chak samdi vin ap travay chak jou.Li te vle li la pou okipe m si m tap bezwen yon bagay pandan tan m t ap fè chita lakay mwen an. Yon bon jou, lè Ricardo sot nan travay li di m : « Sa w pa t vle fè a mwen fè l pou ou tande, m t al nan travay ou a jodia mwen bay demisyon w pou ou. » M pa menm pran lapenn reponn pou m pa t pran baton.

Kounya m te chita lakay tout jounen, sèl okipasyon m se te fè m bèl epi chita tann Rikado tankou yon pope twèl. Mwen pa t gen dwa refize l anyen san sa li t ap pandye m ak bwa.

Twa zan te vin pase, mwen te toujou ap sibi maltretans anba men Rikado, sa m te fè pa t janm sifi pou li. Ti krik ti krak te ba l dwa leve men sou mwen. Li te pran plezi nan sa. Lè l ap bat mwen li te toujou gen yon ti souri nan kwen bouch li. Fè m soufri te fè kè l kontan. M pa t janm ka konprann pouki. Lè zanmi m te konn envite m soti m te toujou ap bay pretèks pou m pa t ale a paske kò m te toujou gen mak. M pa t vle nan reponn kesyon, m te pito kase fey kouvri sa. M te wont tèt mwen, m te wont sa moun te ka panse oubyen di sou mwen.

Jou Rikado te rive fè kadejak sou mwen, m te resi santi m pa moun. M te realize se byen prive l m te ye. Li te fè sa l vle avè m, lè li vle, jan li vle. M te yon objè lè l fin sèvi avè l li lage l atè tankou yon bagay li pa t bezwen anko. M te pèdi wòl moun mwen. M te pèdi dwa di non. M pa t gen dwa lapawòl. Li te rantre tou sou, m te apenn sot benyen m te bese ap chèche rad pou m mete nan panye a. Li parèt pa dèyè m epi l ap rale sèvyèt ki te sou mwen an. M t ap di l:«Non Rikado lagem m pa sou sa.» Se komsi m pa t di anyen paske li te kontinye ak menm manèj la. M te fè ti pouse l pou l banm lapè m men sa pa t sèvi anyen li te vin pi vyolan jiskaske li te rive retire sèvyèt la sou mwen pou l vyole m. Lè li fin jwenn sa l te bezwen an li te vire l ale.

Chak jou m te pase avè l nan kay la se te yon maswife m t ap monte. Jouman te konn fè kenken, li te renmen rabese m avèk bouch li. M te kite pawol li yo atenn mwen. M te panse se mwen ki pa t bon. M te kòmanse rayi tèt mwen. M te konn panse m pa t itil paske li te telman repete m sa, m te rive kwè l. M te bouche nen m pou m bwè dlo santi. M te fin reziyen m. M pa t gen anyen m te ka fè pou sa sispann. Men m te kòmanse bouke. Bouke pran baton pou anyen, bouke tande jouman pou ti krik ti krak.

Yon bon jou, Rikado te rantre tou sou nan kay la. Men l tap grate l paske li te anvi frape m. Jou sa m pa t deside pran baton san m pa t fè anyen pou defann mwen. M pa t deside kite vagabon an leve zago l sou mwen. M te kouri nan kizin nan al pran yon kouto. Rikado tap di m pa fanm ase pou sa. Li t ap avanse sou mwen pou kwense m nan mi an li te vle pran kouto a nan menm m te ba l yon kout pye nan ti pati l. Pandan l t ap tòde m te pwofite kouri, li te kòmanse leve pou l kouri dèyè m. M te pè sa li te ka fè m. Li rale m nan pye pou l fè m tonbe atè a epi li monte sou mwen pou l banm kout pwen. Kouto a te tonbe atè a. Li te kenbe m nan kou pou l toufe m. M te kòmanse pa t ka respire ankò, Rikado te deside pou l te tiye m. Mwen te santi jou sa gen yonn nan nou ki t ap pran chimen pou peyi san chapo. Men se pa t ap mwen. Se konsa m te rasanble dènye fòs mwen pou m te pran kouto a atè a epi m te senyen nèg sa m te konn ap rele nèg dous mwen. Li te mouri la pou la.

Jodia desten m nan men w. Ou se sèl jij lavi m. Se ou k ap deside si m merite pase rès vi m nan prizon pou sa. Sè l sa m ka di sa ki fèt la fèt m paka chanje sa ni m pa regrèt anyen. »

«Banm pèl la pou m ede w antere l.» M te reponn li.