The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

«Avan w kondane m tande istwa m. Avan w jije m tande vèsyon pam nan. Tande sa m gen pou m di a avan w deside di si m koupab ou. Men konnen nenpòt sa w ta deside a m pa regrèt anyen.

Mwen te marye depi de lane avèk Rikado, nou t ap viv tankou de ti pijon. Rikado te gen yon gwo makèt nan Petyonvil. Mwen menm, mwen t ap fè djòb sekretè nan yon lekòl prive. Depi avan nou te marye, misye te fè m konprann okipe m pa yon chay pou li.Men mwen te renmen travay mwen epi tou mwen te renmen lè yo peye m nan fen mwa a paske tchotcho sa te rele m chè mèt chè metrès. Mwen pa te vle depan de nonm mwen.

Mwen te kontan lavi m ta p mennen an, m t ap travay, mwen pa t gen pwoblèm lajan, mwen pa t gen pitit men nèg mwen te konn koman pou l satisfè bezwen m nan tout sans. Zanmi m ak fanmi m te kanpe bò kote m. Mwen t ap bien mennen, m pa t genyen pyès rezon pou m te plenyen.

Yon aprèmidi, mwen te kite travay la pi ta, men m t ap prese antre lakay avan nèg dous mwen an tounen sot travay. Lè mwen rive, mwen jwenn Rikado anndan an ap tann mwen. Pandan mwen pral ouvè bouch mwen pou m salye, li sèvi m yon souflèt, li te fache paske li pa t jwenn manje lè l te tounen sot travay. Saw tande a li bat mwen sou konn se yon tanbou. Depi menm kote a, match bòks la komanse, misye voye yon premye kou kòm li wo e mwen menm mwen te tou pre tè, m fon bese pou m pa resevwa l men li choute m a pye l, m vin retwouve m sou do de pye long. Pandan m atè a, pla men misye ap fè etensèl nan figi m, kalòt marasa fè kenken, li bouche bouch mwen pou m pa t fè bri. M t ap esaye debat ak tout fòs mwen, plis m tap debat se plis m te santi m pi pre lanmò. M rive yon kote m paka pran souf mwen anko. Lè l wè sa li lage m epi sanzave a vire do l. M t ap tranble telman m te sezi epi dlo tonbe ponpe nan je m, men domaj dlo pa t sifi pou lave sa Rikado te fè m nan.

Mwen pa t gen manman, mwen pa t gen papa pou m te rele pote m sekou. Menm jou a, mwen tou pwofite al fè nuit la kay Marlin, yon sè m ki te konseye m tounen viv a mari m li te fè m konprann lanmou pa sirèt se pa tout lè l dous. Rikado fè semèn nan ap voye flè pou mwen nan travay la pou l mande m padon men padon pa geri maleng. Medam yo nan travay la t ap fè jalouzi di m gad kijan m gen yon bon mari men yo pa t konnen bèl lantèman pa vle di paradi pou sa. Aprè plizyè jou mwen te reziye m tounen nan kay la paske Rikado te fè m konprann ke li te sou, li pa te konsyan sa l t ap fè m yo. Li te menm rive sèmante sou lavi l sa pa tap janm rive anko.Pou jan li te flate m, m te deside retounen viv avè l.

Yon mwa vin pase aprè sa, nou pa t janm tounen pale sou sa ki te pase a. Men m te toujou twomatize depi li pwoche bò kote m, m te toujou rale bak paske nan tèt mwen li te vle toufe m pou l tiye m fwa sa. Yo gen rezon di bay kou bliye pote mak sonje paske pou li se komsi anyen pa t pase men mwen se chak jou m t ap reviv sèn sa. M pa kwè gen anyen k ap janm fè m bliye jou sa. Depi l antre nan kay la tout machwè m sere. M te pè kontrarye mouche a pou l pa t leve men sou mwen ankò paske nan tèt mwen se te fòt mwen.M pa t gen pèsonn pou m te eksplike sa m te santi, estrès t ap manje m piti piti. Kiyès ki ta pral kwè m tou paske Rikado te gen anpil enflyans ak pouvwa.Lajistis t ap toujou kanpe bò kote l.

Yon jou swa pandan n ap manje sou tab la li dim li vle pou m kite travay mwen paske wòl li kom gason se okipe madanm li. Lespri l te rete kwense nan yon epòk ki pa t egziste anko. M pa t kache di l sa. Avan nou te marye, nou te pale de sa deja li te fè m konprann li pa t gen pwoblèm pou madanm li ap travay men kounya mal bourik la twouve sa deranje l. Sa w tande a li fache, li pran rale m nan cheve,m vin tonbe atè a, kote m t kouche atè a li tonbe vide kout pye sou mwen. M tap rele byen fò telman kout pye l yo tap fè m soufri. Avan l vire kite m atè a li bese pou l di m si m pa kite travay la li p ap pè tiye m.