The below text area won't allow any cut, copy, paste and right-click operations.

Pa bat kòw
Pa kraze tèt ou
Pa panse mwen se yon enbesil
Si w ta wè ou fè m mal
Epi m vire lòt bò machwè m ba ou

Si w wè w ta vle fese m atè
Epi m ap souri ba ou
Pa pran m pou entatad
Se may mwen sa

Si w wè ou ta vle tire m
M lonje zam nan ba ou
Pa panse m se yon egare
Se fent mwen sa

M ap vann ou, m ap achte w
San w pa rann ou kont ou te chanje mèt
Wi, m piti men m pa pitimi
Wi, m gen ti figi lèzanj ki paka kase ze
Men pa fye sa je w ba ou
Paske je w p ap janm bon
Si se mwen ou vle konprann